Songtext zu ' Koupab (feat. Tjo Zenny) ' von Baky

Auf unserer Webseite haben wir den kompletten Text des Liedes Koupab (feat. Tjo Zenny) , nach dem du gesucht hast.

Koupab (feat. Tjo Zenny) ist ein Lied von Baky , dessen Text unzählige Suchanfragen hat, deshalb haben wir entschieden, dass es seinen Platz auf dieser Webseite verdient, zusammen mit vielen anderen Liedtexten, die Internetnutzer kennenlernen möchten.

A 25 ans, lavi isit pa fè'm rabè
M konn lavi potoprens ak tout pwoblèm ki vin avèl (vin avèl)
M te marye ak yon fanm ki te banm yon pitit, fò'm di'n ke Lavi'm chanje Depi le jou'l vin sou latè
M pat gon gwo kay, men nou 3'n tap viv ansanm
E aprè'n vin divòse, pitit fi'm al viv ak
Manman'l (ak manman'l)
E a lepok se machine mwen tap repare
Pitit fi'm vin gon bòpè akoz manman'l vin remarye
Yo demare yon lòt vi ansanm, men'm te toujou la
M te toujou la pou pitit fi'm, nenpot sa'm genyen m toujou ba'l
Chak fwal vin wè'm, se kè rache Lè poum mennen'l
E Nenpòt sa'm fè nan lavi'm, konn se pou li Tèlmanm renmen'l
Tout Pòt mèt fèmen pou mwen, depi'l jwenn Pòt ouvri
M pap nwi domi nan fredi depil ka jwenn laine poul kouvri
Pitit fi'm pap konn mizè mwen (jamais)
M pap nwi mache pye atè, ak yon sèl rad, depi'm bal tout rad li bezwen
Map sal kò'm, pou kò pal ret pwòp
Poch mwen vid,pou poch pal gen kòb
Ou wè Poum konble'l map Fè tout kalte job
Satisfaksyon'm se lè mwen wè'l souri
Pitit fim sa se lavi'm, E pa gen anyenm pap fè pou li

Pou ou lanfè pa anyen
Sèl ou mwen genyen, sèl pitit mwen...
Pou ou lanmò pa anyen
Mwen prè pou'm bay vi mwen
Mwen koupaaaaaaabb

Yon bon maten mal travay, yo revoke'm pou twòp kredi
Men'm pat regrèt koz tout kob mwen se nan li'm te envesti
M vin gon 2eme job, son ti job sekirite, paske'm te gon lajan lekol m'tap konplete pou'l te enskri
Tet mwen cho, pou jan dèt sa te toumante'm
Ou konn paran, n'te mèt pa manje, depi pitit nou konble
Telephone mwen vin sonnen, e lè'm gade'm wè non'l monte m'di ma fille cherie comment vas tu? si'w konn kijan'w manke'm
Li di'm: ahh papi vin dèyè'm, m pap ret la ankò
M santi'm imilye, m pèdi tout pudeur ki te nan kò'm
M di saw genyen? Ou pa alèz?
Li di men non bòpèm ap plede manyen'm chak fwa'l antre la m pa vlel parèt la ankò
M di kisa? Li di'm papi vini Tanpri'm pralavè'w
Kot manmanw? Li pat tande'm tout lè'm te eseye palavè'l
M dil ret kache map vini
Li di'm ok men Papi tanpri fè vit paske mwen pè, se mwen ki poukòm la avèl
Misye gen pouvwa, lajistis pa tap pran Pa ka'm
Kom m t gon job sekirite, sanm pa mande malak yon zam
Pa menm ezite, m pral defann pitit fim Ki minè
San reflechi mwen pran lari, Direksyon kay yon kriminèl
Lè'm rive, m fonse pòt la poum antre
Gras à Dieu m rive a tan mwen wè'l kap trennenl devan je'm
M dil hey fout lage bra'l! Cherie ekate kò'w
Pandan lap kouri vin sou mwen m rale zam mwen m brake m baw

Pou ou lanfè pa anyen
Sèl ou mwen genyen, sèl pitit mwen
Pou ou lanmò pa anyen
Mwen prè pou'm bay vi mwen
Mwen koupaaaaaaabb

Si legitime defense m fè a deranje'n
Si se paske'm pat aksepte wè dlo nan je
Sim wè lavi'm an jeu, pitit fim an danje, M t prefere tiyon bandi au lieu m t ret gade'l nan je
Si fè job nou nan plas nou son gwo mal nan vim
Si sove lavi pitit fim lan se yon krim
Sim efason nèg ki tabuzel lèl t sèl
M garanti'n m pa regrèt, si poum refèt m tap refèl

Mwen koupaaaaaaabbbb
Ou mèt kondane mwen
Eegh, eehh e
Pou ou lanfè pa anyen
Sèl ou mwen genyen (sèl pitit mwen)

Wenn uns ein Lied wirklich gefällt, wie es bei dir mit Koupab (feat. Tjo Zenny) von Baky der Fall sein könnte, möchten wir es singen können, während wir den Text gut kennen.

Zu wissen, was der Text von Koupab (feat. Tjo Zenny) sagt, ermöglicht es uns, mehr Gefühl in die Performance zu legen.

Wenn deine Motivation, nach dem Text des Liedes Koupab (feat. Tjo Zenny) zu suchen, war, dass du es absolut liebst, hoffen wir, dass du es genießen kannst, es zu singen.

Es ist wichtig zu beachten, dass Baky in Live-Konzerten nicht immer oder wird nicht immer treu zum Text des Liedes Koupab (feat. Tjo Zenny) sein... Es ist also besser, sich auf das zu konzentrieren, was das Lied Koupab (feat. Tjo Zenny) auf der Platte sagt.

Auf dieser Seite stehen dir Hunderte von Liedtexten zur Verfügung, wie Koupab (feat. Tjo Zenny) von Baky .

Lerne die Texte der Lieder, die du magst, wie Koupab (feat. Tjo Zenny) von Baky , sei es, um sie unter der Dusche zu singen, deine eigenen Coverversionen zu machen, sie jemandem zu widmen oder eine Wette zu gewinnen.

Denke daran, dass du dich immer an uns wenden kannst, wenn du den Text eines Liedes wissen möchtest, wie es jetzt mit dem Text des Liedes Koupab (feat. Tjo Zenny) von Baky der Fall war.